Colossians 3:13
Se pou nou yonn sipòte lòt, pou nou yonn padonnen lòt si nou gen kont yonn ak lòt. Wi, se pou yonn padonnen lòt, menm jan Kris la te padonnen nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
14Men, anvan tout bagay, se pou nou gen renmen ki tankou yon kòd k'ap mare nou ansanm yonn ak lòt.
Cross References
Matthew 6:12Padonnen tout sa nou fè ki mal, menm jan nou padonnen moun ki fè nou mal.
Matthew 18:15Si frè ou fè ou yon bagay ki mal, ale jwenn li, rele l' apa. Fè l' wè sa li fè a mal. Si li koute ou, se mete wa mete frè ou ankò sou bon chemen.
Mark 11:25Lè nou kanpe poun lapriyè, si nou gen yon moun nan kè nou, padonnen l', pou Papa nou ki nan syèl la ka padonnen peche nou yo tou.
Luke 6:35Non, nou menm se pou nou renmen lènmi nou yo, fè byen pou yo. Prete san nou pa mete espwa nou sou renmèt. Se konsa n'a resevwa yon gwo rekonpans. Se lè sa a n'a pitit Bondye ki anwo nan syèl la, paske li menm, li bon ni pou engra ni pou mechan.
Luke 11:4Padonnen peche nou yo, paske nou menm tou nou padonnen tout moun ki fè nou mal. Pa kite nou nan pozisyon pou n' tonbe nan tantasyon.
Luke 23:34Jezi di: Papa, padonnen yo. Yo pa konnen sa y'ap fè. Sòlda yo tire osò pou separe rad li yo.