Mak 12:31
Men dezyèm kòmandman an: Se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou. Pa gen lòt kòmandman ki pi konsekan pase sa yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 19:18Piga nou tire revanj sou pesonn. Piga nou kenbe moun menm ras ak nou nan kè, men se pou nou renmen yo tankou nou renmen pwòp tèt pa nou. Se mwen menm ki Seyè a!
Matthew 19:18Jezi reponn li: Piga ou touye moun. Piga ou fè adiltè. Piga ou vòlò. Piga ou bay manti.
Luke 10:27Nonm lan reponn: Se pou ou renmen Mèt la, Bondye ou, ak tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tout fòs kouraj ou, ak tout lide ou. Se pou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou.
Romans 13:8Pa fè dèt lakay pesonn. Sèl dèt nou dwe genyen, se pou nou yonn renmen lòt. Moun ki renmen frè parèy li, li fè tou sa lalwa mande.
Galatians 5:14Paske tou sa lalwa mande nou, nou jwenn yo nan kòmandman sa a: Se pou ou renmen frè parèy ou, menm jan ou renmen tèt pa ou.
1 John 3:17Si yon moun ki pa nan bezwen wè yon frè li nan nesesite, si l' pa gen pitye pou li, yon moun konsa pa ka pretann li renmen Bondye.