Lik 10:27
Nonm lan reponn: Se pou ou renmen Mèt la, Bondye ou, ak tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tout fòs kouraj ou, ak tout lide ou. Se pou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou.
Bib La
In The King James Version
In Context
26Jezi di li: Kisa ki ekri nan lalwa? Ki jan ou konprann li?
28Jezi di li: Ou byen reponn. Si ou fè sa, wa gen lavi.
Cross References
Deuteronomy 6:5Se pou nou renmen Seyè a, Bondye nou an, avèk tout kè nou, avèk tout nanm nou, avèk tout fòs kouraj nou.
Deuteronomy 30:6Seyè a, Bondye nou an, va mete mak kontra li a sou kè nou ak sou kè pitit nou yo, pou nou ka renmen l' ak tout kè nou, ak tout nanm nou, pou nou ka gen lavi.
Matthew 22:37Jezi reponn li: Se pou ou renmen Mèt la, Bondye, ou ak tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tout lide ou.
Mark 12:33Jan ou di a, se pou nou renmen l' ak tout kè nou, tout lespri nou, tout fòs nou, epi se pou nou renmen frè parèy nou tankou nou renmen pwòp tèt pa nou. Sa pi bon lontan pase tout ofrann n'ap boule pou Bondye ansanm ak tout lòt bèt n'ap ofri pou touye pou li.
Galatians 5:13Kanta nou menm, frè m' yo, Bondye te rele nou pou n' te ka gen libète nou. Sèlman, pa pran libète a sèvi eskiz pou nou viv dapre egzijans lachè. Okontrè, se pou nou yonn sèvi lòt nan renmen nou yonn gen pou lòt.
James 2:8Jan sa ekri nan Liv la, lalwa gran Wa a di: Se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou. Si nou fè sa, nou fè byen.