Mak 12:7
Men, kiltivatè yo yonn di lòt: Men eritye a. Ann mete tèt nou ansanm. Ann touye l', konsa jaden an va vin pou nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
8Yo mete men sou li, yo touye l', epi yo jete kò a deyò lòt bò jaden an.
Cross References
Genesis 37:20Annou wè. N'ap touye l', n'ap jete kadav la nan yonn nan pi yo. Epi n'a di se bèt nan bwa ki touye l'. Konsa n'a wè si sa l' te wè nan rèv li yo va rive vre.
Psalms 22:12(022:13) Lènmi m' yo anpil, yo sènen m' toupatou. Yo tankou gwo towo bèf peyi Bazan. Kote m' vire yo la.
Isaiah 53:7Yo te maltrete l', men li menm se bese li bese tèt li ase. Tankou yon ti mouton y'ap mennen labatwa, li pa t' janm louvri bouch li di krik. Wi, tankou yon manman mouton ki pa di krik pandan y'ap taye lenn sou do l', li pa t' janm louvri bouch li di anyen.
Matthew 2:16Lè Ewòd wè nèg save yo te pase l' nan jwèt, li fè yon gwo kòlè. Li bay lòd touye tout ti pitit gason ki te nan lavil Betleyèm ak nan tout vwazinaj la, depi sa ki te fèk fèt jouk sa ki te gen dezan, dapre dat nèg save yo te ba li a.
John 11:47Farizyen yo menm ansanm ak chèf prèt yo reyini Gran Konsèy la. Yo mande: Kisa n'ap fè? Nonm sa a ap fè anpil mirak.
Acts 5:28Li di yo: Eske nou pa t' defann nou pale ak pèp la nan non nonm sa a? Gade sa n' fè. Nou gaye pawòl nou yo nan tout Jerizalèm. Nou vle rann nou reskonsab lanmò nonm lan.