Mak 12:6
Sèl moun mèt jaden an te rete pou l' te voye, se pitit gason li te renmen anpil la. Li voye l' an dènye bò kote yo. Li t'ap di nan kè l': Omwens y'a gen respè pou gason m' lan.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 22:2Bondye di l': -Pran Izarak, pitit ou a, sèl pitit gason ou genyen an, pitit ou renmen anpil la. Ale nan peyi Morija, w'a moute sou tèt mòn mwen pral moutre ou la. Lè w'a rive la, w'a touye l'. Apre sa, w'a boule l' nèt pou mwen.
Genesis 37:3Izrayèl menm te renmen Jozèf plis pase tout lòt pitit li yo, paske li te fin granmoun lè Jozèf te fèt. Li fè yon bèl varèz long ak manch pou li.
Genesis 44:20Nou te reponn ou: Wi, nou gen yon papa ki fin vye granmoun ak yon ti frè, pitit papa nou te fè nan vyeyès li. Ti bway la te gen yon lòt frè menm manman avè l'. Men, li mouri. Nan de pitit manman l' yo, se li menm ase ki rete. Lèfini papa nou renmen l' anpil.
Psalms 2:12bese tèt devan li. Si se pa sa, n'a fè l' fache, n'a mouri, paske kòlè l' moute fasil. Ala bon sa bon pou moun k'ap chache pwoteksyon anba zèl li!
Matthew 1:23Men li, jenn fi a pral ansent, li pral fè yon pitit gason. y'a rele l' Emannwèl. (Non sa a vle di: Bondye avèk nou.)
Matthew 11:27Papa m' renmèt mwen tout bagay. Pesonn pa konn kilès moun Pitit la ye, esepte Papa a. Konsa tou, pesonn pa konn kilès moun Papa a ye, esepte Pitit la, ak moun Pitit la vle fè konnen li.