Mark 14:54
Pyè t'ap swiv Jezi yon ti jan lwen lwen. Li antre jouk nan fon lakou kay granprèt la. Li te chita avèk gad yo bò dife a, li t'ap chofe kò li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 19:9Lè li rive, li antre nan yon gwòt, li pase nwit lan la. Seyè a pale ak Eli ankò, li di li: -Eli, sa w'ap fè la a?
Matthew 26:3Lè sa a, chèf prèt yo ansanm ak chèf fanmi yo ki t'ap dirije pèp la reyini nan palè granprèt yo te rele Kayif la.
Mark 14:29Pyè di li: -Menm si tout moun ta kouri kite ou, mwen menm mwen p'ap janm fè sa.
Mark 14:67Li wè Pyè ap chofe, li gade l' byen. Li di l' konsa: -Ou menm tou, ou te avèk Jezi, moun Nazarèt la?
Luke 22:55Yo te limen yon dife nan mitan lakou a. Pyè al chita nan mitan moun ki te bò dife a.
John 18:18Domestik yo ak gad yo te limen dife, yo tout te kanpe bò dife a, yo t'ap chofe kò yo paske te fè frèt. Pyè te kanpe la avèk yo, li t'ap chofe kò l' tou.