Mak 14:55
Chèf prèt yo ak tout manm Gran Konsèy jwif yo t'ap chache yon manti pou yo te fè sou Jezi pou yo te kondannen l' amò, men yo pa t' kapab jwenn anyen menm.
Bib La
In The King James Version
In Context
56Anpil moun te vin fè manti sou li. Men, pawòl yo pa t' dakò.
Cross References
1 Kings 21:10Lèfini, jwenn de vakabon, fè yo vin kanpe devan l' pou yo akize l'. y'a di li derespekte Seyè a ansanm ak wa a. Lè sa a, n'a pran Nabòt, n'a trennen l' andeyò limit lavil la, n'a kalonnen l' wòch jouk li mouri.
Psalms 27:12Pa lage m' nan men lènmi m' yo. Yo soti pou yo touye m'. Se yon bann moun k'ap bay manti.
Daniel 6:4Lè sa a, lòt gwo chèf yo ansanm ak prefè yo t'ap chache yon okazyon pou yo antrave Danyèl nan travay leta a. Men, yo pa t' ka jwenn anyen pou yo repwoche l' sitèlman Danyèl te yon nonm serye nan tou sa l'ap fè. Li pa t' pote ankenn neglijans ni pa t' gen ankenn mank nan travay li.
Matthew 26:59Chèf prèt yo ak tout manm Gran Konsèy jwif yo t'ap chache yon manti pou yo te fè sou Jezi, pou yo te ka kondannen l' amò.
Acts 6:11Lè yo wè sa, yo peye kèk moun pou di: Nou tande l' ap pale mal sou Moyiz ak sou Bondye.
1 Peter 3:16Men, fè sa avèk dousè ak tout respè. Kenbe konsyans nou pwòp. Konsa, moun k'ap pale nou mal poutèt bon kondit nou gen nan Kris la, se yo menm ki va wont pou pawòl yo te di lè yo t'ap joure nou an.