Mak 15:32
Se pou Kris la, wa pèp Izrayèl la, desann sou kwa a koulye a. Konsa n'a wè epi n'a kwè. Ata mesye ki te kloure sou lòt kwa yo t'ap joure l' tou.
Bib La
In The King James Version
In Context
33Vè midi konsa, vin gen yon fènwa sou tout peyi a, jouk twazè nan apremidi.
Cross References
Isaiah 44:6Seyè ki wa pèp Izrayèl la, Seyè ki gen tout pouvwa a, li menm k'ap delivre pèp la, men sa li di: -Se mwen menm ki te la anvan tout bagay, Se mwen menm k'ap la apre tout bagay. Pa gen lòt bondye pase mwen menm sèl.
Zechariah 9:9Nou menm moun ki rete sou mòn Siyon an, fè fèt, fè gwo fèt! Nou menm moun lavil Jerizalèm, rele, chante tèlman nou kontan! Gade! Men wa nou an ap vin jwenn nou! Li rann jistis san patipri. Li genyen batay la. Li san lògèy. Li moute yon bourik, yon ti bourik dèyè manman.
Matthew 27:44Ata ansasen ki te kloure sou lòt kwa yo t'ap joure l' menm jan an tou.
Mark 15:26Yo te bay kòz ki fè yo te kondannen l' lan sou yon ti pankat ki te ekri: Wa jwif yo!
John 1:49Lè sa a, Natanayèl di li: Mèt, ou se Pitit Bondye a. Ou se wa pèp Izrayèl la!
John 19:12Depi lè sa a, Pilat t'ap chache yon jan pou l' lage Jezi. Men, jwif yo kòmanse rele: Si ou lage nonm sa a, ou pa zanmi Seza! Depi yon moun ap fè tèt li pase pou wa, se lènmi Seza li ye.