Mak 16:14
Pita, Jezi parèt devan tout onz disip yo yon lè yo t'ap manje. Li repwoche yo dèske yo pa t' gen konfyans, yo t'ap fè tèt di toujou, yo pa t' kwè moun ki te wè l' yo apre li te leve soti vivan pami mò yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
13Yo tounen sou chemen yo vin fè lòt yo konn sa. Men, lòt yo pa t' ankò vle kwè toujou.
15Epi li di yo: -Ale toupatou sou latè, anonse Bon Nouvèl la bay tout moun.
Cross References
Numbers 14:11Seyè a di Moyiz konsa: -Kilè pèp sa a va sispann meprize mwen? Kilè y'a soti pou yo fè m' konfyans? Gade tout bèl bagay mwen te fè pou yo. Malgre sa, yo pa vle kwè m' toujou!
Matthew 11:20Lè sa a, Jezi pran fè moun lavil kote l' te fè pifò mirak li yo repwòch, paske yo pa t' tounen vin jwenn Bondye.
Matthew 16:8Jezi vin konnen sa yo t'ap di konsa. Li mande yo: Poukisa nou yonn ap di lòt se paske nou pa pote pen kifè m'ap di sa? Ala nou manke konfyans nan Bondye!
Mark 7:18Li di yo: -Nou menm tou, nou san konprann toujou? Nou pa konprann pawòl sa a: Tout bagay ki sot deyò antre anndan yon moun pa kapab mete l' nan kondisyon pou l' pa ka fè sèvis Bondye.
Mark 16:11Men, yo pa t' vle kwè Mari, lè l' te di yo: -Jezi vivan, mwen wè l' ak de je mwen.
Luke 24:36Pandan yo t'ap pale konsa, Jezi li menm vin kanpe nan mitan yo, li di yo: benediksyon Bondye sou nou tout.