Mak 16:18
Yo ta mèt kenbe sèpan, yo ta mèt bwè pwazon, anyen p'ap rive yo. y'a mete men sou tèt moun malad, moun malad yo va geri.
Bib La
In The King James Version
In Context
17Moun ki kwè va fè anpil mirak; y'a chase move lespri nan non mwen, y'a pale lòt lang.
19Apre Seyè Jezi te fin pale ak yo konsa, li moute nan syèl, li al chita sou bò dwat Bondye.
Cross References
2 Kings 4:39Yonn nan pwofèt yo soti al chache kèk fèy legim. Li jwenn yon pye lyann mawon, li keyi kèk fwi ki te tankou ti kalbas, li plen rad li. Li tounen, li koupe yo an ti moso, li mete yo nan bouyon an san konnen sa yo te ye.
Mark 5:23Li mande Jezi: -Pitit fi m' lan prèt pou mouri. Tanpri souple, vin mete men ou sou li pou l' ka geri. vin ba l' lavi pou mwen.
Acts 3:6Lè sa a, Pyè di li: Mwen pa gen ni lajan ni lò. Men, sa m' genyen an, m'ap ba ou li. Nan non Jezikri, moun Nazarèt la, leve ou mache.
Acts 3:16Nou wè nonm sa nou konnen an, se pouvwa ki nan non Jezi a mete ak konfyans nou gen nan non sa a ki ba li fòs ankò. Se konfyans nou gen nan Jezi ki fè l' geri nèt, jan nou ka wè l' la.
Acts 4:22Nonm ki te geri gremesi mirak apòt yo te fè a te gen karantan pase.
Acts 5:15Lè sa a, yo tanmen pote moun malad yo deyò nan lari. Yo mete yo sou kabann, sou nat, yon jan pou lè Pyè vin ap pase menm lonbray li te ka kouvri kèk nan yo.