Akdèzapot 3:16
Nou wè nonm sa nou konnen an, se pouvwa ki nan non Jezi a mete ak konfyans nou gen nan non sa a ki ba li fòs ankò. Se konfyans nou gen nan Jezi ki fè l' geri nèt, jan nou ka wè l' la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 32:4Se Seyè a k'ap pwoteje nou. Tou sa li fè bon nèt. Li pa nan patipri nan anyen l'ap fè. Bondye nou an ap toujou kenbe pawòl li Li pa nan bay manti. Li fè sa ki dwat, li pa fè ankenn lenjistis.
Matthew 14:29Jezi di li: Vini non. Pyè soti nan kannòt la, li kòmanse mache sou dlo a pou li al jwenn Jezi.
Matthew 21:21Jezi reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Si nou te gen konfyans nan Bondye, si nou pa t' gen doutans nan kè nou, se pa sèlman sak rive pye fig frans lan nou ta fè. Men, nou ta ka di mòn sa a: Wete kò ou la. Ale jete tèt ou nan lanmè. Sa ta fèt vre.
Mark 16:17Moun ki kwè va fè anpil mirak; y'a chase move lespri nan non mwen, y'a pale lòt lang.
John 7:23Si nou ka sikonsi yon ti gason jou repo a pou n' ka fè sa Lalwa Moyiz la mande a, pa gen rezon pou n' ankòlè sou mwen si m' geri yon moun ki te malad nan tout kò l', yon jou repo.
Acts 3:6Lè sa a, Pyè di li: Mwen pa gen ni lajan ni lò. Men, sa m' genyen an, m'ap ba ou li. Nan non Jezikri, moun Nazarèt la, leve ou mache.