Mak 4:8
Men, yon lòt pati ankò tonbe nan bon tè. Plant yo leve, yo grandi, yo donnen. Gen ladan yo ki bay trant grenn, lòt bay swasant, lòt ankò bay san (100).
Bib La
In The King James Version
In Context
9Apre sa, Jezi di yo konsa: -Si nou gen zòrèy poun tande, tande.
Cross References
Genesis 26:12Izarak fè jaden nan peyi a. Lè lanne a bout, li rekòlte san fwa valè sa l' te plante a, paske Seyè a te beni l'.
Jeremiah 23:29Mesaj mwen tankou dife, tankou mato k'ap kraze wòch an miyèt moso. Se mwen menm menm, Seyè a, ki di sa.
Matthew 13:23Moun ki resevwa pawòl la tankou grenn ki tonbe nan bon tè a, se moun ki konprann pawòl la lè yo tande li. Lè sa a, yo donnen. Gen ladan yo ki bay san, yon lòt bay swasant, yon lòt bay trant.
Luke 8:8Men, yon lòt pati ankò tonbe nan bon tè. Plant yo leve, yo donnen: yo bay san (100) pou yonn. Lè l' fin di sa, li di ankò: Si nou gen zòrèy pou n' tande, tande.
John 1:12Men, sa ki te resevwa l' yo, sa ki te kwè nan li yo, li ba yo pouvwa tounen pitit Bondye.
John 7:17Si yon moun deside fè sa Bondye vle, la konnen si bagay m'ap moutre yo soti nan Bondye osinon si se pawòl pa m' m'ap pale.