Matie 13:23
Moun ki resevwa pawòl la tankou grenn ki tonbe nan bon tè a, se moun ki konprann pawòl la lè yo tande li. Lè sa a, yo donnen. Gen ladan yo ki bay san, yon lòt bay swasant, yon lòt bay trant.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 1:1Ala bon sa bon pou moun ki pa koute konsèy mechan yo, ki pa swiv egzanp moun k'ap fè sa ki mal, ki pa chita ansanm ak moun k'ap pase Bondye nan betiz,
Proverbs 1:5Se pou moun ki gen konesans koute sa ki nan pwovèb yo, pou yo ka mete sou sa yo konnen deja. Se pou moun ki gen lespri koute sa ki nan pwovèb yo, pou yo ka konnen ki jan pou yo mennen bak yo pi byen,
Ezekiel 18:31Vire do bay tout vye peche nou te konn fè yo. Chanje kè nou, chanje lide nou. Poukisa atò, nou menm moun pèp Izrayèl yo, pou n'ap chache lanmò konsa?
Matthew 3:8Fè bagay ki pou fè wè lavi nou chanje tout bon.
Matthew 12:33Si pyebwa a bon, l'ap bay bon donn. Si pyebwa a pa bon, li p'ap bay bon donn. Yo rekonèt kalite yon pyebwa sou donn li bay.
Mark 4:20Pou fini, gen moun ki tankou bon tè a; yo tande pawòl la, yo resevwa l' epi yo donnen. Gen ladan yo ki bay trant pou yonn, lòt bay swasant pou yonn, lòt ankò bay san (100) pou yonn.