Mak 5:15
Lè yo rive bò kote Jezi te ye a, yo wè nonm ki te gen rejiman move lespri sou li a. Li te chita chita l', byen abiye ak tout bon sans li sou li. Yo tout te pè.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 16:4Samyèl fè tou sa Seyè a te di l' fè a. L' ale lavil Betleyèm. Chèf ki reskonsab lavil yo vin kontre l'. Yo tout te gen kè sote. Yo di l' konsa: -Eske se pou byen nou ou vin isit la?
1 Chronicles 15:13Premye fwa a, nou pa t' la. Se poutèt sa Seyè a, Bondye nou an, te touye kèk nan nou paske nou pa t' fè l' jan nou te dwe fè l' la.
Psalms 14:5Men tou, yo pral sezi, yo pral tranble paske Bondye la avèk moun ki mache dwat yo.
Matthew 4:24Toupatou nan peyi Siri a, se tout moun ki t'ap nonmen non li. Se sa ki fè yo te mennen tout kalite moun malad ba li, ansanm ak tout moun ki soufri doulè, moun ki te gen move lespri sou yo, moun ki soufri malkadi ak moun ki paralize. Jezi geri yo tout.
Matthew 12:29Pesonn pa ka antre lakay yon nonm vanyan pou vòlò byen l' yo, si li pa mare nonm vanyan an anvan. Lè li fin mare l', se atò la kapab piye kay la.
Mark 5:9Lè sa a, Jezi mande li: -Ki jan ou rele? Li reponn li: -Yo rele m' Rejiman, paske nou anpil.