Lik 5:8
Lè Simon Pyè wè sa, li lage kò l' nan pye Jezi, li di l' konsa: Mèt, pa rete kote mwen, paske mwen pa bon.
Bib La
In The King James Version
In Context
9Yon sèl sezisman te pran Simon ak tout mesye ki te avèk li yo lè yo wè kantite pwason yo te pran.
Cross References
Exodus 20:19Yo di Moyiz konsa: -Pito se ou menm ki pale ak nou, n'a koute sa w'ap di. Men, si se Bondye ki pou pale avèk nou, n'a mouri.
1 Samuel 6:20Lè sa a, moun lavil Bèt-Chemèch yo di: -Ki moun ki ka kanpe devan Seyè a, Bondye sa a ki yon Bondye apa? Ki bò pou n' voye Bwat Kontra a ale pou l' pa rete lakay nou?
1 Kings 17:18Madanm lan di Eli konsa: -Sèvitè Bondye, poukisa ou fè m' sa? Ou vin lakay mwen pou fè Bondye chonje peche m' yo, pou fè pitit gason m' lan mouri.
Job 42:5Sa m' te konn sou ou a, se sa lòt moun te di m' ase. Koulye a, mwen wè ou ak je mwen.
Daniel 10:16Lè sa a, zanj ki te gen fòm yon moun lan lonje men l', li manyen po bouch mwen. Mwen louvri bouch mwen pale, mwen di zanj ki te kanpe devan m' lan: -Mèt, vizyon an fè m' pè, m' pèdi tout fòs mwen, kè m' sere!
Matthew 8:8Men kaptenn lan reponn li: Mèt, mwen pa merite pou ou antre lakay mwen. Men, annik bay yon lòd ase, domestik mwen an va geri.