Mak 5:40
Yo tonbe pase l' nan betiz. Lè sa a, li fè yo tout soti. Li pran papa ak manman pitit la ansanm ak twa disip li yo sèlman. Epi li antre nan chanm kote pitit la te ye a.
Bib La
In The King James Version
In Context
41Li pran men li, li di li: -Talita koum. -ki vle di: Ti fi, mwen di ou leve.
Cross References
Genesis 19:14Lòt soti, li al jwenn mari pitit fi li yo, li di yo. Leve non, fè vit, ann met deyò. Seyè a pral detwi lavil la. Men bofi li yo te kwè se jwe li t'ap jwe.
Nehemiah 2:19Men, lè Sanbala, moun lavil Bèt-Owon an, Tobija, moun Amon ki t'ap travay nan gouvènman an, ak Gechèm, arab la, vin pran nouvèl la, yo ri nou kont kò yo, epi yo pase nou nan kont betiz yo. Yo di nou: -Sa n'ap fè la a, mesye? Apa n'ap dezobeyi lòd wa a!
Psalms 22:7(022:8) Tout moun ki wè m' pase m' nan rizib. Y'ap lonje dwèt sou mwen, y'ap fè siy sou mwen.
Matthew 7:6Piga nou bay chen bagay yo mete apa pou Bondye. Piga nou jete bèl grenn pèl nou yo devan kochon. Si nou fè sa, kochon yo va mache sou yo, epi y'a vire sou nou vin dechire nou.
Luke 8:53Lè sa a, yo tonbe pase l' nan betiz paske yo te konnen tifi a fin mouri.
Acts 17:32Lè yo tande Pòl di moun mouri ka leve, te gen ladan yo ki pran pase l' nan betiz. Gen lòt menm ki t'ap di li: N'a tande koze sa a yon lòt jou.