Nehemiah 2:19
Men, lè Sanbala, moun lavil Bèt-Owon an, Tobija, moun Amon ki t'ap travay nan gouvènman an, ak Gechèm, arab la, vin pran nouvèl la, yo ri nou kont kò yo, epi yo pase nou nan kont betiz yo. Yo di nou: -Sa n'ap fè la a, mesye? Apa n'ap dezobeyi lòd wa a!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Ezra 4:15pou l' ka fè rechèch nan achiv zansèt li yo te kite. Nan ansyen dokiman sa yo, l'a jwenn sa yo te ekri sou lavil sa a. L'a konnen jan lavil sa a pa te janm vle soumèt devan yo, li te toujou pare pou revòlte. Se poutèt sa yo te detwi lavil sa a nèt.
Nehemiah 4:1Lè Sanbala vin konnen nou menm jwif yo nou t'ap rebati miray ranpa a, li fache, li move.
Nehemiah 6:6Men sa ki te nan lèt la: Gen yon sèl bri k'ap kouri nan mitan moun lòt nasyon yo: Se Gechèm ki di m' sa. Li tande l' ak de zòrèy li. Ou menm ak pèp jwif la, nou fè lide pran lezam. Se poutèt sa n'ap rebati ranpa a. Yo di se ou menm y'a nonmen wa yo.
Job 30:1Men koulye a, moun ki pi jenn pase m' yo ap pase m' nan rizib. Papa yo se moun mwen pa t' pran pou anyen, moun mwen pa ta menm mete ak chen m' pou gade mouton.
Psalms 79:4Ou fè nasyon ki bò kote nou yo ap pase nou nan betiz. Wi, yo tout ap lonje dwèt sou nou, y'ap pase nou nan rizib.
Psalms 80:7(080:8) Bondye ki gen tout pouvwa, mete nou sou pye nou ankò. Fè nou santi ou la avèk nou, epi n'a delivre.