Mak 6:12
Douz disip yo pati; y' al mache bay nouvèl la pou tout moun tounen vin jwenn Bondye.
Bib La
In The King James Version
And they went out, and preached that men should repent.
In Context
13Yo te chase anpil move lespri. Yo te pase lwil sou anpil moun malad, yo te geri yo.
Cross References
Ezekiel 18:30Se poutèt sa, men sa Seyè sèl Mèt la ap di moun peyi Izrayèl yo: M'ap jije chak moun dapre sa yo fè. Tounen vin jwenn mwen, sispann fè sa ki mal, pa kite peche nou yo lakòz nou mouri.
Matthew 3:8Fè bagay ki pou fè wè lavi nou chanje tout bon.
Matthew 9:13Ale non, chache konprann sans pawòl sa yo ki nan Liv la: Mwen vle pou nou gen kè sansib. Mwen pa bezwen bèt n'ap ofri pou touye pou mwen yo. Paske, mwen pa vin rele moun k'ap mache dwat devan Bondye, men moun k'ap fè sa ki mal yo.
Mark 1:3Se vwa yon nonm k'ap rele nan dezè a: Pare gran wout Seyè nou an. Plani chemen an byen plani pou li.
Luke 9:6Disip yo pati, yo mache ale nan tout bouk, yo t'ap anonse bon nouvèl la, yo t'ap geri moun malad toupatou.
Luke 13:3Mwen di nou: Non. Men, si nou menm nou pa tounen vin jwenn Bondye, nou tout n'ap peri menm jan an tou.