Mak 6:20
Men, li pa t' kapab, paske Ewòd pou tèt pa l' te gen yon krentif pou Jan. Li te konnen Jan se yon nonm dwat ki t'ap viv pou Bondye. Se sak fè li te pwoteje li. Li te renmen tande l' pale tou, menm si apre sa kè l' te boulvèse.
Bib La
In The King James Version
In Context
19Ewodyad te kenbe Jan nan kè. Li te vle fè yo touye li.
Cross References
Exodus 11:3Seyè a te fè moun peyi Lejip yo vin gen kè sansib pou moun pèp Izrayèl yo. Pou Moyiz menm, tout moun nan peyi a te gen gwo respè pou li. Moun farawon yo ansanm ak tout pèp la te respekte Moyiz anpil.
2 Kings 3:12Jozafa di: —Sèten l'ap gen kichòy pou l' di nou nan non Seyè a! Se konsa wa peyi Izrayèl la ansanm ak Jozafa ak wa peyi Edon an pati, y' al wè Elize.
2 Kings 13:14Elize tonbe malad. Se maladi sa a ki te pou pote l' ale. Joas, wa peyi Izrayèl la, al wè l'. Wa a kriye, li lage kò l' sou figi Elize, li di konsa: —Papa mwen! Papa mwen! Ou menm ki te tankou yon gwo lame pou pran defans peyi Izrayèl la, w'ap mouri vre!
2 Chronicles 24:15Men, Jeojada te fin vye granmoun. Li te gen santrantan lè li mouri.
Psalms 106:12Se lè sa a pèp li a vin kwè sa l' te di a, yo chante pou fè lwanj li.
Ezekiel 33:32Pou yo, ou pa anyen pase yon mizisyen ki gen bèl vwa, k'ap chante bèl ti chante swa, ki konn jwe mizik byen. Y'ap koute tou sa w'ap di yo, men yo p'ap fè sa ou di yo fè.