Mak 8:12
Jezi bay yon gwo soupi nan kè l', li di yo konsa: -Poukisa moun alèkile yo renmen mande mirak konsa? Se vre wi sa m'ap di nou la a: yo p'ap jwenn okenn mirak.
Bib La
In The King James Version
In Context
13Apre sa, li vire do l' ba yo, li tounen nan kannòt la; li pati pou lòt bò lanmè a.
Cross References
Isaiah 53:3Nou pa t' gade l' menm, tout moun te vire do ba li. Li te soufri anpil, li te tout tan nan gwo lapenn. Tout moun te vire tèt yo pou yo pa wè l'. Nou pa t' okipe l', nou pa t' pran ka l' menm.
Matthew 16:4Moun alèkile yo, atout yo mechan, atout yo vire do bay Bondye, men y'ap mande mirak! Men tou, yo p'ap jwenn lòt mirak pase mirak Jonas la. Apre sa, li vire do l', li al fè wout li.
Mark 6:6Jezi te sezi wè jan yo pa t' kwè nan li. Apre sa, Jezi te mache nan tout ti bouk nan vwazinaj la. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay.
Mark 9:19Jezi di yo: -Ala moun san konfyans nan Bondye! Jouk kilè pou m' rete nan mitan nou? Jouk kilè pou m' sipòte nou? Mennen tibway la ban mwen.
Luke 16:29Abraram reponn li: Yo gen Moyiz ak pwofèt yo pou avèti yo, se pou yo koute yo.
Luke 22:67Yo mande li: Manyè di nou: èske se ou ki Kris la? Jezi reponn yo: Si m' reponn nou, nou p'ap vle kwè mwen.