Matie 16:4
Moun alèkile yo, atout yo mechan, atout yo vire do bay Bondye, men y'ap mande mirak! Men tou, yo p'ap jwenn lòt mirak pase mirak Jonas la. Apre sa, li vire do l', li al fè wout li.
Bib La
In The King James Version
In Context
5Lè disip yo janbe lòt bò lanmè a, yo te bliye pote pen.
Cross References
Hosea 4:17Moun Efrayim yo menm lage kò yo bay zidòl yo nèt. Kite yo pou kont yo!
Jonah 1:17Seyè a fè yon gwo pwason vin vale Jonas. Jonas te pase twa jou twa nwit nan vant pwason an.
Matthew 15:14Pa okipe yo! Se yon bann avèg k'ap mennen avèg parèy yo. Si yon avèg ap mennen yon lòt avèg, tou de gen pou tonbe nan menm twou a.
Mark 8:12Jezi bay yon gwo soupi nan kè l', li di yo konsa: -Poukisa moun alèkile yo renmen mande mirak konsa? Se vre wi sa m'ap di nou la a: yo p'ap jwenn okenn mirak.
Luke 11:29Anpil moun t'ap vin an kantite bò kot Jezi. Li pran di yo: Ala move moun se moun alèkile yo! Y'ap mande yon mirak ki pou fè yo wè Bondye dakò ak sa k'ap fèt la. Men, yo p'ap jwenn lòt mirak pase mirak Jonas la.
Acts 18:6Men, jwif yo pran kenbe tèt avèk li, yo t'ap joure l'. Lè l' wè sa, li souke pousyè ki te sou rad li, epi l' di yo: Si nou peri, se nou ki chache sa. Se p'ap fòt mwen. Depi koulye a m'ap vire kò m' bò kot moun ki pa jwif yo.