Mak 9:25
Lè Jezi wè foul moun yo ap kouri vini, li pale sevè avèk move lespri a, li di li: -Espri bèbè, espri soudè, se mwen k'ap kòmande ou: soti sou tibway la, pa janm antre sou li ankò.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 35:5Je avèg yo pral louvri. Zòrèy moun soudè yo pral debouche.
Matthew 9:32Antan avèg yo taprale, kèk lòt moun mennen yon nonm bay Jezi. Nonm sa a te bèbè, paske li te gen yon move lespri sou li.
Matthew 17:18Jezi pale sevè ak move lespri a. Lespri a soti. Menm lè a, ti nonm lan geri.
Mark 5:7Li pran rele byen fò, li di l' konsa: -Kisa m' gen avèk ou, Jezi, pitit Bondye ki nan syèl la? Tanpri souple, nan non Bondye, pa fè m' soufri.
Luke 4:35Jezi pale byen fò ak move lespri a, li di li: Pe la! Soti sou nonm lan. Move lespri a jete nonm lan atè nan mitan tout moun yo epi li soti, li ale san l' pa fè l' ankenn mal.
Luke 8:29Li te pale konsa paske Jezi te pase move lespri a lòd pou li soti sou nonm lan. Anpil fwa, lespri a te vin sou li: lè konsa, yo te konn mare tou de men l' ak tou de pye l' ak chenn pou l' pa t' kouri. Men, li te jwenn mwayen pete chenn yo epi move lespri a te mennen l' ale nan dezè.