Mak 9:3
rad li vin klere tou blan. Pa gen lesivyèz sou latè ki kapab blanchi konsa.
Bib La
In The King James Version
And his raiment became shining, exceeding white as snow; so as no fuller on earth can white them.
In Context
4Twa disip yo wè Eli ak Moyiz parèt, yo t'ap koze avèk Jezi.
Cross References
Psalms 68:14(068:15) Lè Bondye ki gen tout pouvwa a te gaye wa yo nan peyi a, li te fè lanèj kouvri mòn Salmon.
Isaiah 1:18Seyè a di konsa: -Nou mèt vini atò! Vini non! Ann regle koze a! Menm si peche nou yo ta tache wouj kou san sou tout kò nou, m'ap lave nou. M'ap fè nou vini blan kou koton. Nou te mèt tache wouj fonse, m'ap blanchi nou, m'ap fè nou blan kou lenn mouton.
Malachi 3:2Men, ki moun ki ka sipòte jou l'ap vini an? Ki moun ki va rete kanpe devan l' lè la parèt la? L'ap tankou dife yo sèvi pou fonn fè. L'ap tankou gwo savon yo sèvi pou blanchi rad.
Acts 10:30Kònèy di li: Jòdi a fè kat jou, mwen te lakay mwen, mwen t'ap lapriyè vè twazè konsa nan apremidi. Mwen rete konsa, mwen wè yon nonm ki te gen yon bèl rad byen klere sou li kanpe devan mwen.
Revelation 7:14Mwen reponn li: Se ou menm ki konnen wi, mèt mwen. Lè sa a, li di mwen: Se moun ki pase anba gwo pèsekisyon an. Yo lave rad yo, yo blanchi yo nan san ti Mouton an.