Matie 10:33
Men tou, moun ki va kanpe devan lèzòm pou di li pa konnen m', mwen menm tou, m'a kanpe devan Papa m' ki nan syèl la, m'a di mwen pa konnen l'.
Bib La
In The King James Version
But whosoever shall deny me before men, him will I also deny before my Father which is in heaven.
In Context
32Moun ki va kanpe pou mwen devan lèzòm, mwen menm tou, m'a kanpe pou li devan Papa m' ki nan syèl la.
Cross References
Matthew 26:70Men, Pyè demanti l' devan tout moun, li di: Mwen pa konnen sa w'ap di la a.
Mark 14:30Jezi reponn li: -Sa m'ap di ou la a, se vre wi: Jòdi a menm, pandan lannwit sa a, anvan kòk chante de fwa, wa gen tan di twa fwa ou pa janm konnen mwen.
Luke 9:26Si yon moun wont di se moun mwen li ye, si li wont pale pawòl mwen, enben, mwen menm tou, Moun Bondye voye nan lachè a, lè m'a tounen nan tout pouvwa m' ak tout bèl pouvwa Papa m', nan mitan lame zanj li yo, m'a wont pran li pou moun pa m' tou.
Luke 22:57Men, Pyè demanti l', li di: Madanm, mwen pa konnen li.
2 Peter 2:1Malgre sa, te gen kèk fo pwofèt nan mitan pèp Bondye a nan tan lontan. Konsa tou, va gen kèk direktè nan mitan nou k'ap bay manti. Yo pral vin ak yon bann bèl pawòl ki pa vre pou yo seye pèdi nou. Y'ap vire do bay Mèt la ki te delivre yo. Y'ap rale yon chatiman sou tèt yo k'ap detwi yo lapoula.