Matthew 10:40
Moun ki resevwa nou, se mwen menm li resevwa. Moun ki resevwa mwen, li resevwa moun ki voye m' lan tou.
Bib La
In The King James Version
He that receiveth you receiveth me, and he that receiveth me receiveth him that sent me.
In Context
Cross References
Matthew 18:5Nenpòt moun ki resevwa yon timoun tankou timoun sa a, se mwen menm li resevwa.
Matthew 25:45Wa a va reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: chak fwa nou pa t' fè sa pou yonn nan pi piti sa yo, se pou mwen nou pa t' fè li.
Luke 9:48Epi li di yo: Nenpòt moun ki resevwa timoun sa a poutèt mwen, se mwen menm menm li resevwa. Nenpòt moun ki resevwa m', li resevwa moun ki voye m' lan tou. Moun ki pi piti nan mitan nou tout la a, se li ki pi grannèg.
John 5:23Konsa, tout moun va gen respè pou Pitit la, menm jan yo gen respè pou Papa a. Moun ki pa respekte Pitit la, li pa gen respè pou Papa ki voye l' la non plis.
John 13:20Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Moun ki resevwa moun mwen voye a, li resevwa m' tou. Moun ki resevwa m', li resevwa moun ki voye m' lan.
2 Corinthians 5:20Se sak fè mwen pale nan non Kris la menm ki te voye m', tankou si se Bondye menm k'ap pale nan bouch mwen pou di nou: tanpri, nan non Kris la, tounen vin byen ak Bondye ankò.