Matthew 25:45
Wa a va reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: chak fwa nou pa t' fè sa pou yonn nan pi piti sa yo, se pou mwen nou pa t' fè li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 24:9Pèp Izrayèl la chita atè a, l' ap pran repo, tankou yon lyon, tankou yon fenmèl lyon. Lè l'ap dòmi, ki moun ki ka penmèt yo leve l'? benediksyon pou tout moun ki mande benediksyon pou pèp Izrayèl la! Madichon pou tout moun k'ap mande madichon pou pèp Izrayèl la!
Proverbs 14:31Lè w'ap peze pòv malere, se Bondye ki fè l' la w'ap derespekte. Men, lè ou aji byen ak pòv, se pi bèl sèvis ou ka rann Bondye.
Proverbs 21:13Si ou fèmen zòrèy ou pou ou pa tande pòv k'ap mande ou lacharite, konsa tou pesonn p'ap tande ou lè w'a mande sekou.
Matthew 25:40Wa a va reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: chak fwa nou te fè sa pou yonn nan pi piti pami frè m' yo, se pou mwen nou te fè li.
Acts 9:5Li reponn: Ki moun ou ye, Mèt? Vwa a reponn li: Mwen se Jezi, moun w'ap pèsekite a.
1 John 5:1Tout moun ki rekonèt Jezi se Kris la, se pitit Bondye yo ye. Si ou renmen yon papa, se pou ou renmen pitit li tou.