Matthew 10:6
Okontrè, ale tout kote n'a jwenn moun ras Izrayèl yo ki pèdi.
Bib La
In The King James Version
But go rather to the lost sheep of the house of Israel.
In Context
7Sou tout wout nou, bay mesaj sa a: Gouvènman Wa ki nan syèl la prèt pou rive.
Cross References
Psalms 119:176Mwen tankou yon mouton ki pèdi bann li. Tanpri, vin chache m', paske mwen pa janm bliye kòmandman ou yo.
Jeremiah 50:6Pèp mwen an te tankou mouton ki pèdi bann yo. Se gadò yo ki te lage yo, kifè yo gaye nan mòn yo. Y'ap mache pwonmennen nan tout mòn yo. Yo pèdi chemen kay yo.
Ezekiel 34:6Se konsa mouton yo gaye sou gwo mòn yo ak sou ti mòn yo. Mouton yo gaye toupatou sou latè. Pesonn pa okipe yo, pesonn pa chache kote yo ye.
Ezekiel 34:16Sa ki pèdi yo, m'ap chache yo. Sa ki te soti nan bann yo, m'ap fè yo tounen nan plas yo. Sa ki blese yo, m'ap mete renmèd pou yo. Sa ki malad yo, m'ap geri yo. Men, sa ki gra yo, sa ki byen gwo yo, m'ap touye yo. M'ap swen mouton m' yo jan m' dwe fè l' la.
Matthew 18:10Atansyon: Piga nou meprize yon sèl nan ti piti sa yo. Paske m'ap di nou sa: zanj gadyen yo ki nan syèl la, se tout tan yo la devan Papa m' ki nan syèl la.
Luke 15:3Lè sa a, Jezi di yo parabòl sa a: