Matie 13:36
Apre sa, Jezi kite foul moun yo dèyè, li antre nan kay la. Disip li yo pwoche bò kote l', yo di l' konsa: Esplike nou parabòl move zèb nan jaden an.
Bib La
In The King James Version
In Context
37Li reponn yo: Moun ki simen bon grenn lan, se Moun Bondye voye nan lachè a.
Cross References
Matthew 13:1Menm jou sa a, Jezi soti nan kay la, li al chita bò lanmè a.
Matthew 14:22Touswit apre sa, Jezi fè disip li yo moute nan kannòt la, li voye yo devan lòt bò lanmè a. Li menm, li te rete dèyè pou l' te voye moun yo ale.
Matthew 15:39Apre sa, Jezi voye foul moun yo ale, li menm li moute nan kannòt la, li ale nan yon peyi yo rele Magadan.
Mark 6:45Touswit apre sa, Jezi fè disip li yo moute nan yon kannòt, li voye yo devan lòt bò lanmè a, nan direksyon Betsayda. Jezi menm te rete dèyè pou l' voye foul moun yo ale.
Mark 8:9Te gen katmil (4.000) moun konsa antou. Apre sa, Jezi voye yo ale.