Matthew 14:29
Jezi di li: Vini non. Pyè soti nan kannòt la, li kòmanse mache sou dlo a pou li al jwenn Jezi.
Bib La
In The King James Version
In Context
28Lè sa a, Pyè di li: Mèt, si se ou menm vre, di m' vin jwenn ou sou dlo a.
30Men, lè Pyè wè jan van an te fò, li pè. Lè sa a, li kòmanse koule, li pran rele: Mèt, sove m' non!
Cross References
Matthew 21:21Jezi reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Si nou te gen konfyans nan Bondye, si nou pa t' gen doutans nan kè nou, se pa sèlman sak rive pye fig frans lan nou ta fè. Men, nou ta ka di mòn sa a: Wete kò ou la. Ale jete tèt ou nan lanmè. Sa ta fèt vre.
Mark 11:22Lè sa a, Jezi pran lapawòl, li di yo: -Se pou nou toujou gen konfyans nan Bondye.
Acts 3:16Nou wè nonm sa nou konnen an, se pouvwa ki nan non Jezi a mete ak konfyans nou gen nan non sa a ki ba li fòs ankò. Se konfyans nou gen nan Jezi ki fè l' geri nèt, jan nou ka wè l' la.
Philippians 4:13Nenpòt sitiyasyon ki parèt devan mwen, m'ap degaje m', gremesi Kris la ki ban mwen fòs kouraj.