1 Timothy 4:3
Y'ap plede di sa pa bon pou moun marye, gen kalite manje moun pa gen dwa manje. Men, se Bondye ki kreye manje sa yo pou moun ki gen konfyans nan li epi ki rive konn verite a ka manje lè yo fin di Bondye mèsi.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 9:3Koulye a, nou gen dwa manje tout kalite bèt vivan k'ap mache, tout kalite fèy vèt. Mwen ban nou tout pou manje.
Ecclesiastes 5:18Men sa mwen jwenn ankò: Pi bon bagay yon moun ka fè sou latè, se manje, se bwè, se jwi sa li travay di fè a, pandan de twa jou Bondye ba li pou li viv la. Men, se sa ase ki pou yon moun nan lavi.
Matthew 14:19Apre sa, li bay lòd fè moun yo chita sou zèb la. Li pran senk pen yo ak de pwason yo, li leve je l' nan syèl la, li di Bondye mèsi. Li kase pen yo, li bay disip yo. Disip yo menm mache bay tout moun.
Luke 24:30Li chita bò tab la ak yo pou manje. Li pran pen, li di Bondye mèsi, li kase l', epi li ba yo li.
John 8:31Jezi di jwif ki te kwè nan li yo: Si nou kenbe pawòl mwen yo nan kè nou, nou se disip mwen vre.
Acts 27:35Lè li fin di sa, Pòl pran pen, li di Bondye mèsi devan yo tout, li kase pen an, epi l' kòmanse manje.