Matthew 16:18
Mwen menm, men sa m'ap di ou: Ou se yon wòch, Pyè. Se sou wòch sa a m'ap bati legliz mwen. Ata lanmò p'ap kapab fè l' anyen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Samuel 18:4W'a reponn yo: -Bon! M'ap fè sa nou wè ki pi bon an. Apre sa, li al kanpe bò pòtay lavil la, pandan lame a t'ap soti, divizyon apre divizyon, rejiman apre rejiman.
Psalms 9:13(09:14) Gen pitye pou mwen, Seyè! Gade nan ki mizè moun ki rayi m' yo mete m'. vin sove m'! Pa kite m' mouri, Seyè,
Psalms 107:18Yo pa t' menm anvi manje, yo te prèt pou mouri.
Psalms 127:5Ala bon sa bon pou moun ki gen anpil zam konsa! Li p'ap janm wont lè li kanpe nan pòtay lavil la pou l' diskite ak moun k'ap chache l' kont.
Isaiah 28:6L'a fè moun ki chita nan tribinal yo gen bon konprann pou yo pa fè lenjistis. L'ap bay sòlda yo fòs pou yo ka kilbite lènmi yo lòt bò pòtay lavil la.
Isaiah 38:10Mwen t'ap di nan kè m' se mwatye nan lavi m' ase mwen viv. Gade mwen gen tan pral mouri. Mwen rive nan pòt pou m' antre kote mò yo ye a. M'ap mouri anvan lè m'.