Matie 16:28
Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Nan moun ki la koulye a, gen ladan yo ki p'ap gen tan mouri san yo pa wè Moun Bondye voye nan lachè a tounen tankou yon wa k'ap gouvènen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Matthew 10:23Lè y'a pèsekite nou nan yon lavil, sove ale nan yon lòt. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Moun Bondye voye nan lachè a va gen tan vini anvan n'a fin mache nan tout lavil ki nan peyi Izrayèl la.
Matthew 24:27Menm jan zèklè a fè yan, li klere tout syèl la depi bò solèy leve jouk bò solèy kouche, se konsa Moun Bondye voye nan lachè a gen pou l' vini.
Matthew 26:64Jezi reponn li: Se ou ki di li. Men, m'ap di nou sa, depi jòdi a n'a wè m', mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, chita sou bò dwat Bondye ki gen pouvwa a, n'a wè m' ap vini sou nwaj yo nan syèl la.
Mark 13:26Lè sa a, y'a wè m', mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, ap vini sou tèt nwaj yo, avèk anpil pouvwa nan mitan yon bann bèl bagay.
Luke 9:27Sa m'ap di nou la a, se vre wi: nan moun ki la koulye a, gen ladan yo ki p'ap mouri san yo pa wè gouvènman Bondye a.
Luke 21:27Lè sa a, y'a wè m', mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, ap vini nan yon nwaj, avèk anpil pouvwa, nan mitan yon bann bèl bagay.