Matie 16:6
Lè sa a, Jezi di yo: Fè atansyon, pran prekosyon nou avèk ledven farizyen yo ansanm ak ledven sadiseyen yo.
Bib La
In The King James Version
Then Jesus said unto them, Take heed and beware of the leaven of the Pharisees and of the Sadducees.
In Context
5Lè disip yo janbe lòt bò lanmè a, yo te bliye pote pen.
7Disip yo yonn t'ap di lòt: Se paske nou pa pote pen kifè l'ap di sa.
Cross References
Exodus 12:15Pandan sèt jou, se pou nou manje pen ki fèt san ledven. Depi premye jou nan mwa a, n'a wete tout ledven anndan lakay nou, paske depi premye jou a, rive sou setyèm jou a, si yon moun gen malè manje pen ki gen ledven ladan l', se pou yo disparèt li nan mitan pèp Izrayèl la.
Matthew 16:12Se lè sa a disip yo konprann li pa t' di yo pran prekosyon ak ledven yo fè pen, men ak tout bagay farizyen yo ak sadiseyen yo t'ap moutre moun.
Luke 12:1Lè sa a, se pa ti kras moun ki te sanble; te sitèlman gen moun, yonn t'ap pile lòt. Jezi pran di disip li yo: Veye kò nou ak ledven farizyen yo, ak ti jan ipokrit yo a.
John 4:33Lè sa a, disip yo yonn pran mande lòt: Gen lè yon moun pote manje ba li.
Galatians 5:9Pa bliye pawòl la: Se ti kal ledven ki fè tout pa t' la leve.