Mak 4:31
Enben, li menm jan ak yon ti grenn moutad. Lè ou simen l', se yon ti grenn tou piti. Se li ki pi piti nan tout grenn ki sou latè.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 72:16Se pou jaden kouvri tout peyi a, jouk sou tèt mòn yo. Se pou yo donnen tankou jaden peyi Liban. Se pou lavil yo plen moun tankou zèb k'ap pouse nan jaden.
Isaiah 9:7Gouvènman li p'ap gen finisman. Nan peyi l'ap gouvènen an se va kè poze san rete. L'ap chita sou fotèy wa David la. L'ap gouvènen peyi wa David la. L'ap fè gouvènman an byen chita, l'ap ba li bon pye paske l'ap fè sa ki dwat. Li p'ap nan patipri, depi koulye a jouk sa kaba. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki soti pou fè tou sa rive vre!
Isaiah 53:2Li te grandi devan Bondye tankou yon ti plant ki tou fèb, tankou yon ti kreyòl ki pouse nan tè sèk. Li pa t' bèl gason, li pa t' gen anyen nan li ki pou ta fè nou vire gade l'. Li pa t' sanble anyen ki ta ka fè nou kontan ret gade l'.
Isaiah 60:22Fanmi ki pi piti nan mitan nou an pral gen mil (01.000) moun. Fanmi ki pa vo anyen an pral tounen yon gwo nasyon. Se mwen menm Seyè a ki p'ap mize fè sa, lè lè a va rive.
Daniel 2:34Antan ou t'ap gade l' konsa, yon wòch pran woule desann soti kote l' soti a, san se pa pesonn ki voye l', li vin frape estati a nan pye l' yo ki te fèt mwatye an fè mwatye an tè krich, li kraze yo an miyèt moso.
Amos 9:11Seyè a di: Yon jou gen pou rive! Jou sa a, m'a mete peyi wa David la kanpe ankò sou de pye l'. Koulye a li tankou yon kay k'ap fin kraze. Lè sa a, m'a repare tout kote ki fann yo. M'a refè miray ki te fin kraze yo. M'ap rebati peyi a jan l' te ye nan tan lontan an.