Matie 18:1
Lè sa a, disip yo pwoche bò kote Jezi, yo mande li: Ki moun ki pi grannèg nan Peyi Wa ki nan syèl la?
Bib La
In The King James Version
In Context
2Jezi rele yon timoun, li mete l' nan mitan yo.
Cross References
Matthew 5:19Se sa ki fè, moun ki va dezobeyi yonn nan pi piti nan kòmandman sa yo, epi ki va moutre lòt moun pou yo fè menm jan an tou, moun sa a va pase pou pi piti nan Peyi Wa ki nan syèl la. Konsa tou, moun ki obeyi kòmandman sa yo, k'ap moutre lòt moun jan pou yo fè l' tou, moun sa a va pase pou pi gran nan Peyi Wa ki nan syèl la.
Matthew 20:20Lè sa a, manman pitit Zebede yo pwoche bò kote Jezi ak pitit li yo. Li bese tèt li byen ba devan Jezi pou mande l' yon favè.
Mark 9:33Yo rive Kapènawòm. Rive li rive nan kay la, Jezi mande yo: -Kisa nou t'ap pale konsa nan chemen an?
Mark 10:35Apre sa, de pitit Zebede yo, Jak ak Jan, pwoche bò kot Jezi, yo di l' konsa: -Mèt, nou ta renmen ou fè sa nou pral mande ou la a pou nou.
Luke 22:24Epi yon gwo diskisyon leve nan mitan disip yo. Yo te vle konnen kilès nan yo ki te dwe pase pou pi grannèg.
Philippians 2:3Pa fè anyen nan lide pou fè tèt nou pase pou pi bon, ni pou fè lwanj tèt nou. Men, soumèt nou devan Bondye. Mete nan tèt nou lòt yo pi bon pase nou.