The Bible Software
bible.software › Matie › Matie 5 › Matie 5:19

Matie 5:19

Se sa ki fè, moun ki va dezobeyi yonn nan pi piti nan kòmandman sa yo, epi ki va moutre lòt moun pou yo fè menm jan an tou, moun sa a va pase pou pi piti nan Peyi Wa ki nan syèl la. Konsa tou, moun ki obeyi kòmandman sa yo, k'ap moutre lòt moun jan pou yo fè l' tou, moun sa a va pase pou pi gran nan Peyi Wa ki nan syèl la.

Bib La

In The King James Version

Whosoever therefore shall break one of these least commandments, and shall teach men so, he shall be called the least in the kingdom of heaven: but whosoever shall do and teach them, the same shall be called great in the kingdom of heaven.

In Context

18Sa m'ap di nou la a, se vre wi: tout tan syèl la ak tè a va la, pa yon ti detay, ni yon sèl ti bout lèt nan lalwa a p'ap disparèt, jouk tout bagay ki pou rive yo rive.

20Paske m'ap di nou sa: Si nou pa obeyi Lalwa Bondye a pi byen pase farizyen yo ak direktè lalwa yo, si nou pa viv pi byen pase yo, nou p'ap kapab antre nan Peyi Wa ki nan syèl la.

Read all of Matie 5

Cross References

Deuteronomy 12:32Se pou nou toujou fè tou sa mwen mande nou fè la a, san nou pa ni mete ni wete anyen ladan yo.

1 Samuel 2:30Se poutèt sa, mwen menm Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, men sa m'ap di: Nan tan lontan, mwen te pwomèt mwen t'ap kite fanmi ou ak moun branch fanmi ou yo sèvi m' prèt pou tout tan. Men koulye a, mwen di: Mwen p'ap fè sa ankò paske m'ap fè bèl bagay pou moun ki gen krentif pou mwen. Men moun k'ap derespekte m' yo, m'ap fè yo wont. Se mwen menm Seyè a ki di sa.

Psalms 119:128Se konsa, pou mwen menm tout lòd ou yo bon. Mwen rayi tout bagay ki ka fè m' bay manti.

Malachi 2:8Men, nou menm prèt yo, nou kite chemen Bondye a. Nou lakòz anpil moun pa kenbe kòmandman mwen bay yo. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki di sa. Nou pa kenbe kontra mwen te fè ak moun fanmi Levi yo.

Matthew 15:3Li reponn yo: Nou menm k'ap pale a, poukisa n'ap plede dezobeyi kòmandman Bondye yo pou nou swiv koutim pa nou yo?

Matthew 20:26Men, se pa konsa pou sa fèt nan mitan nou. Okontrè, si yonn nan nou ta vle vin grannèg, se pou l' sèvi nou tout.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)聖書 (日本語)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBiblia TakatifuBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)

Study Matie 5:19

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeAlbert BarnesJohn WesleyJohn CalvinScofieldWilliam BurkittFamily Bible NotesThe Fourfold GospelJohn LightfootGeneva Bible Notes (1599)
← Matie 5:18Matie 5Matie 5:20 →