Matie 18:27
Kè mèt domestik la fè l' mal, li kite lajan an la pou li, li kite l' ale.
Bib La
In The King James Version
Then the lord of that servant was moved with compassion, and loosed him, and forgave him the debt.
In Context
Cross References
Judges 10:16Apre sa, yo wete tout bondye lòt nasyon yo te gen lakay yo, yo pran sèvi Seyè a. Seyè a pa t' gen kè pou l' wè jan pèp Izrayèl la te nan lapenn.
Psalms 78:38Men, paske Bondye te gen pitye pou yo, li padonnen peche yo, li pa t' touye yo. Anpil fwa menm, li kenbe, li pa t' fè kòlè sou yo. Li pa t' kite kòlè l' tonbe sou yo.
Psalms 86:15Seyè, ou se yon Bondye ki gen pitye pou nou, yon Bondye ki gen bon kè. Ou pa fasil fè kòlè, ou p'ap janm sispann renmen nou, ou toujou kenbe pawòl ou!
Hosea 11:8Nou menm moun Efrayim yo, kouman nou ta vle pou m' lage nou? Nou menm moun Izrayèl yo, kouman nou ta vle pou m' ta detwi nou tankou mwen te detwi lavi Adma? Kouman nou ta vle pou m' ta trete nou tankou mwen te trete lavil Zeboyim yo? Non! Mwen pa gen kè pou m' fè bagay konsa. Tout zantray mwen ap fè mwen mal pou nou.