Matie 19:16
Yon nonm pwoche bò kot Jezi, li di l' konsa: Mèt, ki bon bagay mwen dwe fè pou m' ka resevwa lavi ki p'ap janm fini an?
Bib La
In The King James Version
In Context
15Li mete men l' sou tèt yo. Apre sa, li pati, li kite kote l' te ye a.
Cross References
Daniel 12:2Anpil nan moun ki te mouri deja yo pral leve vivan ankò. Gen ladan yo ki pral jwi lavi ki p'ap janm fini an. Gen lòt ki pral wont, yo pral soufri avilisman ki p'ap janm fini an.
Matthew 19:26Jezi gade yo, li di: Moun pa ka fè sa, se vre. Men, pa gen anyen Bondye pa kapab fè.
Matthew 25:46Apre sa, l'ap voye yo resevwa chatiman ki p'ap janm fini an. Men, pou moun ki te fè byen yo, y'ap antre nan lavi ki p'ap janm fini an.
Luke 10:25Yon dirèktè lalwa vin rive. Pou l' pran Jezi nan pèlen li di l' konsa: Mèt, kisa pou m' fè pou m' resevwa lavi ki p'ap janm fini an?
John 3:15Tout moun ki mete konfyans yo nan li va gen lavi ki p'ap janm fini an.
John 5:39N'ap plede etidye sa ki ekri nan Liv la, paske nou mete nan tèt nou nou ka jwenn lavi ki pa janm fini an ladan li. Men, se Liv sa a menm ki pale sou mwen.