Matie 25:46
Apre sa, l'ap voye yo resevwa chatiman ki p'ap janm fini an. Men, pou moun ki te fè byen yo, y'ap antre nan lavi ki p'ap janm fini an.
Bib La
In The King James Version
And these shall go away into everlasting punishment: but the righteous into life eternal.
In Context
Cross References
Daniel 12:2Anpil nan moun ki te mouri deja yo pral leve vivan ankò. Gen ladan yo ki pral jwi lavi ki p'ap janm fini an. Gen lòt ki pral wont, yo pral soufri avilisman ki p'ap janm fini an.
Matthew 19:29Nenpòt moun ki va kite kay li, osinon frè l', osinon sè l', osinon papa l', osinon manman l', osinon pitit li, osinon jaden l', poutèt mwen, moun sa a gen pou l' resevwa san (100) fwa plis pase sa, ansanm ak lavi ki p'ap janm fini an.
Mark 9:43Si se men ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, koupe l', voye l' jete. Pito ou antre nan lavi a ak yon sèl men, pase pou ou rete ak tou de men ou, apre sa pou ou al nan lanfè, kote dife a pa janm mouri.
Mark 9:48La, dife a ansanm ak vè k'ap manje kadav yo pa janm mouri.
John 3:15Tout moun ki mete konfyans yo nan li va gen lavi ki p'ap janm fini an.
John 5:29yo pral leve soti vivan nan tonm yo. Moun ki fè sa ki byen pral leve pou resevwa lavi ki p'ap janm fini an. Men, tout moun ki fè sa ki mal pral leve pou resevwa kondannasyon yo.