Matie 19:3
Kèk farizyen pwoche bò kot Jezi pou yo wè si yo te ka pran l' nan pèlen. Yo mande li: Eske lalwa nou pèmèt yon nonm kite ak madanm li pou nenpòt ki kòz?
Bib La
In The King James Version
In Context
2Yon gwo foul moun t'ap swiv li. Lè l' rive, li geri malad yo.
Cross References
Matthew 5:31Yo te konn di nou tou: Si yon nonm vle kite ak madanm li, fòk li ekri l' yon papye divòs.
Matthew 22:16Yo voye disip pa yo ansanm ak patizan Ewòd yo bò kot Jezi pou mande li: Mèt, nou konnen ou se moun ki kare. W'ap moutre chemen Bondye a jan l' ye a, ou pa pè pesonn. Paske, ou pa gade sou figi moun.
Mark 10:2Kèk farizyen pwoche bò kote l' pou yo wè si yo te kapab pran l' nan pèlen. Yo mande li: -Eske lalwa nou pèmèt yon nonm kite ak madanm li?
Mark 12:15Men Jezi te konnen yo gen lòt lide dèyè tèt yo; li reponn yo: -Pouki n'ap chache pran m' nan pèlen konsa? Pote yon pyès lajan ban mwen pou m' gade yon bagay.
John 8:6Yo t'ap di sa, paske yo te vle pran l' nan pèlen pou yo te ka akize li. Men, Jezi bese atè. Epi, avèk dwèt li, li kòmanse ekri atè a.