Matthew 22:16
Yo voye disip pa yo ansanm ak patizan Ewòd yo bò kot Jezi pou mande li: Mèt, nou konnen ou se moun ki kare. W'ap moutre chemen Bondye a jan l' ye a, ou pa pè pesonn. Paske, ou pa gade sou figi moun.
Bib La
In The King James Version
In Context
17Enben, kisa ou di nan sa: Eske lalwa pèmèt nou peye Seza lajan kontribisyon an, wi ou non?
Cross References
1 Kings 22:14Men, Miche reponn li: -Mwen pran Seyè a, Bondye vivan an, sèvi m' temwen. Sa Seyè a va di m' di se sa m'a di.
Psalms 5:9(05:10) Ou pa janm ka kwè moun sa yo. Se dèyè yon sèl bagay yo ye: yo vle fini ak tout moun. Anndan bouch yo, ou ta di yon kavo ki louvri, lang yo menm dous konsa pou flate moun.
Psalms 55:21(055:22) Pawòl nan bouch yo pi dous pase siwo. Men, nan fon kè yo se yon sèl bagay yo konnen: se goumen. Pawòl yo koule dous tankou lwil, men lang yo se razwa.
Isaiah 59:13Nou te vire do bay Seyè a, nou voye l' jete. Nou derefize koute l'. Nou tòde men frè parèy nou, nou revòlte kont Bondye. Se move lide ase nou te gen nan kè nou. Se manti ase nou t'ap kalkile nan tèt nou.
Ezekiel 33:30Seyè a di m' konsa: -Nonm o! Tout pèp la sou do ou lè yo kontre yonn ak lòt bò miray lavil la, nan papòt lakay yo. Yonn ap di lòt: Ann al tande ki mesaj Seyè a voye ban nou fwa sa a!
Malachi 2:6Se verite ase ki te soti nan bouch yo. Yo pa t' janm chache twonpe m'. Yo toujou mache avè m' ak kè poze. Yo t'ap fè sa ki dwat. Yo te fè anpil moun sispann fè sa ki mal.