Matie 20:34
Kè Jezi fè l' mal pou yo, li manyen je yo. Menm lè a de mesye yo wè, epi yo swiv Jezi.
Bib La
In The King James Version
In Context
33Yo di li: Mèt, fè nou wè nan je nou ankò.
Cross References
Psalms 119:67Anvan ou te pini m' lan, mwen te konn fè sa ki mal. Men koulye a, m'ap fè tou sa ou di m' fè.
Psalms 145:8Seyè a gen pitye pou nou. Li gen bon kè. Li pa fasil fè kòlè. Li p'ap janm sispann renmen nou!
Matthew 9:29Lè sa a, li manyen je yo, li di: Se pou sa fèt pou nou jan nou kwè l' la.
Matthew 14:14Lè Jezi desann soti nan kannòt la, li wè tout foul moun yo. Kè l' fè l' mal pou yo, li pran geri moun malad yo.
Mark 7:33Men Jezi pran men nonm lan, li fè l' soti nan mitan foul moun yo, li mennen l' sou kote. Li mete dwèt li nan zòrèy nonm lan, li krache, epi li manyen lang nonm lan.
Luke 18:43Menm lè a, avèg la wè. Apre sa, li t'ap swiv Jezi. Li t'ap fè lwanj Bondye. Lè pèp la wè sa, yo tout pran fè lwanj Bondye tou.