Matie 21:27
Apre sa, yo reponn Jezi: Nou pa konnen. Jezi di yo: Enben, mwen menm tou, mwen p'ap di nou ki dwa mwen genyen pou m' fè bagay sa yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 28:9Y'ap pale sou mwen, y'ap di: Ki moun l'ap moutre tout bagay sa yo? Ki moun l'ap fè konprann sa Bondye fè l' konnen an? Gen lè se pou timoun ki fèk sevre, timoun ki fèk kite tete?
Isaiah 42:19Ki moun ki pi avèg, ki moun ki pi soudè pase sèvite m' lan, moun mwen delivre a? Ki moun ki pi soudè, ki moun ki pi avèg pase mesaje m'ap voye a, sèvitè Bondye a?
Jeremiah 8:7Ata zwezo yo rele sigòy yo konnen lè pou yo tounen lakay yo. Menm toutrèl, ziwondèl ak valèt, yo konnen lè pou yo vwayaje tounen. Men, nou menm pèp mwen an, nou pa konnen regleman mwen ban nou pou nou swiv yo.
Matthew 15:14Pa okipe yo! Se yon bann avèg k'ap mennen avèg parèy yo. Si yon avèg ap mennen yon lòt avèg, tou de gen pou tonbe nan menm twou a.
Matthew 23:16Malè pou nou, avèg k'ap kondi moun! Nou di konsa: Yon moun te mèt sèmante sou tanp lan, li pa bezwen kenbe pawòl li pou sa. Men, si l' sèmante sou lò ki nan tanp la, se pou l' kenbe pawòl li.
John 9:30Nonm lan reponn yo: Ala bagay dwòl en! Nou pa konnen ki bò l' soti? Epi, se li menm ki louvri je m' yo!