Matie 21:3
Si yon moun di nou kichòy, n'a reponn: Se Mèt la ki bezwen yo. Menm lè a, la kite nou ale ak yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
4Sa te rive konsa pou pawòl pwofèt la te di a te ka rive vre:
Cross References
1 Kings 17:9-Leve non! Ale lavil Sarepta, nan peyi wa Sidon an. Se la ou pral rete koulye a. Mwen bay yon fanm vèv ki rete laba a lòd pou li ba ou manje.
Ezra 1:1Lè sa a, wa Siris pa t' ankò gen ennan depi li t'ap gouvènen peyi Pès la, lè Seyè a mete lide nan tèt wa a pou li bay yon lòd, fè kouche l' sou papye voye toupatou nan peyi a pou yo te ka li l' pou tout moun tande. Sa te pase konsa pou pawòl Seyè a te mete nan bouch pwofèt Jeremi an te ka rive vre. Men lòd la:
Ezra 7:27Lè sa a, Esdras di: -Lwanj pou Seyè a, Bondye zansèt nou yo! Li mete nan tèt wa a lide pou l' fè tout bèl bagay sa yo pou tanp Seyè a lavil Jerizalèm.
Psalms 50:10Paske, tout bèt ki nan bwa, se pou mwen yo ye. Tout kantite bèt ki nan mòn yo, se pou mwen yo ye tou.
John 3:35Papa a renmen Pitit la, li ba li pouvwa sou tout bagay.
Acts 17:25Li pa bezwen pou moun travay ba l' anyen non plis, paske se li menm ki bay moun lavi, ki fè yo respire, ki ba yo tout lòt bagay.