Ezra 7:27
Lè sa a, Esdras di: -Lwanj pou Seyè a, Bondye zansèt nou yo! Li mete nan tèt wa a lide pou l' fè tout bèl bagay sa yo pou tanp Seyè a lavil Jerizalèm.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Chronicles 31:8Lè wa Ezekyas ak chèf li yo wè kantite bagay moun yo te bay, yo di Bondye mèsi, yo fè lwanj pou pèp Izrayèl la, pèp Bondye a.
Nehemiah 2:8Li ta ban m' yon lèt tou pou Azaf, chèf ki reskonsab rakbwa leta yo, pou l' ka ban mwen bwa pou gwo pòtay fò k'ap pwoteje tanp lan, bwa pou ranpa lavil la ak bwa pou kay kote pou m' rete a. Wa a ban mwen tou sa mwen te mande l' paske Bondye te avèk mwen.
Nehemiah 7:5Bondye mete nan tèt mwen lide pou m' sanble tout pèp la ak chèf yo, majistra yo, pou m' fè yon resansman, fanmi pa fanmi. N' al tonbe sou ansyen rejis resansman premye moun ki te tounen nan peyi a. Nan rejis sa a m' te jwenn
Isaiah 60:13Y'a pote pi bèl pyebwa nan peyi Liban an, pichpen, pye sèd ak bwadòm, lakay nou pou dekore tanp ki apa pou mwen an, pou anbeli kote m' rete a.
2 Corinthians 8:16Ann di Bondye mèsi, li menm ki fè Tit devwe pou nou, menm jan avè mwen!
Hebrews 8:10Bondye di ankò: Men kontra mwen pral fè ak pèp Izrayèl la, apre jou sa yo fin pase. M'a mete lwa m' yo nan lespri yo, m'a make lwa m' yo nan kè yo. M'a tounen Bondye tout bon pou yo, y'a tounen yon pèp ki apa pou mwen.