Matie 21:32
Paske, lè Jan Batis te vin bò kote nou, lè li t'ap moutre nou jan pou nou viv dwat devan Bondye a, nou pa t' kwè li. Men, pèseptè kontribisyon ak fanm movèz vi yo te kwè li. Malgre nou te wè sa, nou pa t' chanje lide nou pou n' te kwè nan li tou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 35:8Pral gen yon bèl wout pase la. Y'ap rele l': Wout Bondye a! Moun k'ap fè sa ki mal p'ap pase nan wout sa a. Se va sèlman pou moun ki mache dwat yo. Wi, pou yo ase. Ankenn bakoulou p'ap ka detounen moun k'ap swiv chemen sa a.
Zechariah 7:11Men, yo te derefize koute m'. Yo t'ap fè wondonmon. Yo bouche zòrèy yo pou yo pa tande.
Matthew 11:18Jan Batis vini, li pa manje, li pa bwè, yo di li gen yon move lespri sou li.
Luke 3:8Fè bagay ki pou fè wè nou chanje lavi nou tout bon. Sispann di nan kè nou: Se pitit pitit Abraram nou ye! Paske, mwen pa kache di nou sa: Bondye kapab pran wòch sa yo, li fè yo tounen pitit pou Abraram.
Luke 7:37Nan lavil sa a, te gen yon fanm movèz vi. Lè fanm lan pran nouvèl Jezi t'ap manje lakay farizyen an, li pote yon ti boutèy fèt an albat plen odè.
Acts 13:25Lè Jan te prèt pou fini ak misyon l' lan, li di pèp la: Ki moun nou kwè mwen ye? Moun n'ap tann lan, se pa mwen. Men, koute, moun sa a ap vini apre mwen. Mwen menm, mwen pa bon ase pou m' ta demare kòd sapat ki nan pye li.