Luke 3:8
Fè bagay ki pou fè wè nou chanje lavi nou tout bon. Sispann di nan kè nou: Se pitit pitit Abraram nou ye! Paske, mwen pa kache di nou sa: Bondye kapab pran wòch sa yo, li fè yo tounen pitit pou Abraram.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Joshua 4:3W'a ba yo lòd pou yo chak pran yon wòch nan mitan larivyè Jouden an, kote prèt yo te kanpe a. Y'a pran douz wòch sa yo, y'a pote yo lòt bò larivyè a. N'a mete yo kote nou pral moute tant nou yo aswè a.
Isaiah 1:16Manyè netwaye lavi nou non! Mete nou nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen non! Sispann tout lenjistis mwen wè n'ap fè yo! Wi, sispann fè sa ki mal!
Jeremiah 7:4Nou pa bezwen kwè pawòl manti y'ap plede repete yo: Sa se gwo kay Seyè a! Sa se gwo kay Seyè a! Sa se gwo kay Seyè a! Anyen p'ap rive nou la.
Matthew 8:11Mwen p'ap kache di nou sa: anpil moun va soti nan peyi solèy leve ak nan peyi solèy kouche, y'a vin chita sou tab ansanm ak Abraram, ak Izarak, ak Jakòb nan Peyi Wa ki nan syèl la.
Luke 13:28Lè n'a wè Abraram, Izarak, Jakòb ak tout pwofèt yo nan bèl peyi kote Bondye Wa a, epi nou menm nou deyò, se lè sa a va gen rèl, se lè sa a moun va manje dan yo.
Luke 19:40Jezi reponn: M'ap di nou sa: si yo pe bouch yo, wòch yo va pran rele.