Matie 22:13
Wa a di domestik li yo: Mare de pye l' ak de men l', voye l' jete deyò nan fènwa a. Se la la gen pou l' kriye, pou l' manje dan li.
Bib La
In The King James Version
In Context
14Paske, yo envite anpil moun, men se de twa ase y'a chwazi.
Cross References
Psalms 37:12Mechan yo ap fè konplo sou moun k'ap mache dwat yo. Y'ap gade yo konsa, yo anvi devore yo.
Isaiah 52:1Leve non, mòn Siyon! Leve non! Mete kouraj ou sou ou! Mete pi bèl rad ou sou ou, ou menm Jerizalèm, lavil Bondye a! Paske moun lòt nasyon yo, ki pa pote mak kontra Bondye a, ki pa nan kondisyon pou sèvi Bondye, p'ap janm mete pye lakay ou ankò.
Matthew 8:12Men, moun ki pou ta antre nan Peyi Wa a, y'ap voye yo jete deyò nan fènwa. Se la va gen rèl, se la moun va manje dan yo.
Matthew 13:30Kite yo grandi ansanm jouk lè rekòt la va rive. Lè sa a, m'a di moun k'ap ranmase rekòt la: Rache move zèb yo anvan. Mare yo fè pakèt pou n' al boule. Mayi a menm, mete l' nan galata mwen.
Matthew 13:50y'a jete mechan yo nan gwo founo k'ap boule a. Se la va gen rèl, se la moun va manje dan yo.
Matthew 25:30Kanta domestik ki pa vo anyen an, jete l' deyò nan fènwa a. Se lè sa a va gen rèl, se lè sa a va gen manje dan.