Matthew 8:12
Men, moun ki pou ta antre nan Peyi Wa a, y'ap voye yo jete deyò nan fènwa. Se la va gen rèl, se la moun va manje dan yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Matthew 3:9Pa konprann nou ka di nan kè nou: Se pitit pitit Abraram nou ye. Paske, mwen p'ap kache di nou sa: Bondye kapab pran wòch sa yo, li fè yo tounen pitit pou Abraram.
Matthew 13:38Jaden an se latè. Bon grenn yo, se moun ki fè pati Peyi Wa a. Move zèb yo, se moun ki patizan Satan.
Matthew 13:50y'a jete mechan yo nan gwo founo k'ap boule a. Se la va gen rèl, se la moun va manje dan yo.
Matthew 22:12Wa a di li: Zanmi, kouman ou fè antre isit la san ou pa mete rad nòs la sou ou? Nonm lan pa di yon mo.
Matthew 25:30Kanta domestik ki pa vo anyen an, jete l' deyò nan fènwa a. Se lè sa a va gen rèl, se lè sa a va gen manje dan.
Acts 3:25Pwomès Bondye te fè pwofèt li yo di ak bouch yo, se pou nou yo ye, lèfini nou gen pòsyon pa nou tou nan kontra Bondye te fè avèk zansèt nou yo. Se sa l' te di Abraram: Gremèsi pitit pitit ou yo, tout fanmi ki sou latè va jwenn benediksyon.