Matthew 22:24
Mèt, Moyiz te di si yon nonm mouri san kite pitit, frè l' gen pou marye ak madanm defen an pou l' ka fè pitit pou frè l' ki mouri a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 38:11Lè sa a, Jida di Tama, bèlfi li a: -Ou mèt tounen kay papa ou, rete vèv san marye jouk tan Chela, lòt gason m' lan, vin gran. Li te di l' sa paske li te pè pou Chela pa t' mouri tankou frè l' yo. Tama menm tounen rete kay papa l'.
Ruth 1:11Men, Naomi reponn yo: -Pitit mwen, pito nou tounen! Poukisa nou vle ale avè m'? Nou kwè mwen ka fè pitit gason ankò pou marye ak nou?
Matthew 22:16Yo voye disip pa yo ansanm ak patizan Ewòd yo bò kot Jezi pou mande li: Mèt, nou konnen ou se moun ki kare. W'ap moutre chemen Bondye a jan l' ye a, ou pa pè pesonn. Paske, ou pa gade sou figi moun.
Mark 12:19-Mèt, Moyiz te ekri lòd sa a ban nou: Yon nonm ki gen frè, si l' mouri kite madanm li san pitit, frè a gen pou l' marye avèk madanm defen an pou li sa fè pitit pou frè l' ki mouri a.
Luke 20:28Mèt, Moyiz te ekri lòd sa a ban nou: Lè yon nonm marye mouri san kite pitit, si l' gen yon frè, frè a gen pou l' marye avèk madanm defen an pou l' sa fè pitit pou frè l' ki mouri a.